Our social:

dimanche 17 novembre 2019

Men ki materyè'l Wap bezwen pou'w fè yon studio Mizik

Siw vle ou ka toujou tande menm atik sa nan version Podcast


Ou vle fè yon studio Mizik men'w pa konn kijan pou'w komanse, Ebyen Atik sa se pou ou,
deja wap bezwen konnen ki tip de studio ou anvi fè, paske en reyalite genyen

 4 tip de studio :

  • Bedroom studio


Bedroom Studio a, se yn studio ou ka fè nan chanm ou akote kabann ou, Ladanl wap jwenn minimom ki rekomande pouw kapab anrejistre yon  son avek odinatè'w
  • Home Studio


Home studio a, Souvan se yon chanm kay antye ki rezève pou li e ladanl ou jwenn ekipman studio ak yon tretman akoustik 
  • Semi-Pro Studio


Studio semi-Pro a Li menm, yo konn rezève yon kay oubyen yn gran chanm paske ladanl ou jwenn plizyè ekipman studio epi espas pou plizyè mizisyen jwe an menm tan 
  • Pro Studio

Pou Studio pro a, jeneralman yo metel nan yn espas komèsyal epi la danl wap jwenn tout bonjan zouti ki nesesè pou pwodwi mizik de kalite.

Kounye a mw lage bal la nan pyew pouw chwazi ki tip de studio ou ta renmen fè.... Pi nan pwochen pwen ki pwal dewoule a mwen pwal montrew ki materyel wap bezwen siw ta anvi fe yon Bedroom Studio oubyen Yon Home Studio.

PS: pou atik sila nap fokis sou Bedroom studio a ak Home Studio a toujou , Nan yon prochen atik nap pale sou de dènye yo.

Kom ou deja konnen ke Bedroom studio ah se yn studio ki fèt nan chanm kounye a se,

Ki Materyè'l wap bezwen pou yon Bedroom Studio?

pou yon debitan gen yon studio menm si se nan chanm li, li toujou panse lap bezwen anpil bagay poutan pouw fè yon enstalasyon  studio nan chanm ou wap bezwen 9 materyel sèlman


  1. Odinatè
  2. DAW (Digital Work Station)
  3. Kat son
  4. Micro
  5. Kas
  6. Speaker
  7. Kab
  8. Pye Micro
  9. Filt antipop
Se 9 bagay sa yo wap bezwen sèlman wi....kunya ann gade yo chak yonn pa yonn

1- Odinatè a




Yonn nan elemen kle yn studio se odinatè, paske se ladanl ou pwal enstale DAW la pouw travay sou projè u pwal genyen yo, Nan ka yn Bedroom studio ou pap bezwen yn gwo odinatè...Men a lavni ou ka achte yn gwo ordinatè paske de jou en jou Daw yo ap ezije plis pefomans kote odinate yo.



2- Daw (lojisyèl ou pwal travay sou li a)


Pou pati sa mwen toujou tande anpil deba sou li kote yap di tèl lojisyèl pi bn ke lot ,antan ke ebitan poko met bagay sa yo nan tèt ou pou yn sèl e bòn rezon "CHAK DAW GENYEN AVANTAJ AK PROBLEM PAL", Sak pi empotan se fè chwa de yonn epi konnenl beyn.
Map kite lis Daw ki plis itilize yo u menm wa fè chwa paw ...Sonje pa gen yonn ki pi bon ke lot vre se konnen pouw konnenl.

Pro-tools
Logic Pro X
Cubase
FL Studio

3-kat son (audio interface)

    

  ou finn genyen Lojisyèl pouw travay kounya wap bezwen yn kat son. Kat son an pwal jwe yn wol antre soti pu mizik wap travay la ...lè wap enrejistre lap antre son an nan odinatè a epi lew ap jwe mizik la se li ki pwal mete son deyo nan speaker yo.
genyen plisyè tip de kat son

  • genyen ki fè antre soti son janm sot esplike a
  • genyen ki pre ampli pu jere siyal mikro a avanl al nan odinatè a 
  • genyen ki jwe wol bwat direk
  • genyen ki anplifye kas
  • genyen ki la pou kontrole monitoring si studio ah genyen plisyè soti audio (speaker)

Kat son yo anpil gen pou tout pri men pou yon studio debitan ou ka pwan yonn milye gam.


3- micro

Depiw di Studio ou di Micro paske li se yonn nan eleman empòtan yn studio genyen , Men sijè micro ah pa piti sitou pou debitan paske chak micro gen yon son diferan ,micro pou vwa ak enstriman pa menm, epi gen yn efè wap bezwen li pwal mandew itilize yn micro spesyal Pou sa ou pwal oblije fè yn ti rechèch paske wap bezwen konnen kisa ki yn

  • micro dynamic
  • micro statique a large membrane
  • micro statique a petite membrane
PS: Men pou studio deja met nan tèt ou se yon Micro Statique wap bezwen

4- Kas


menm siw se debitan mw sur kew konnen siw vle fè yn studio fok ou gen kas epi tou menm siw gen yn kas pouw koute mizik ou sa pa vle diw deja pare pou studio ah...paske pou studio genyen de tip de kas

  • Kas ouvè
se pou ijenyè son an li ie, yo itilizel pou miksaj

  • Kas fème
se pou Atis yo itilizel nan anrejistreman

PS: Menmjan ak lot materyel yo genyen plizye gam se ou kap fè yn chwa men kounya ou konnen ki kas ki pou enjenyè kiyès ki pou atis.


5- Speaker

Nan langaj profesyonèl la yo rele yo moniteur de studio oubyen enceinte de monitoring.
Menm siw wè li sanble ak yon speaker tradisyonèl detwompew, speaker ou genyen nan salon lakay ou ah paka al nan studio
yo pat fèt pou studio, paske speaker tradisyonèl yo gen frekans ki amelyore pu pou yo sonnen pi byen kelke swa kalite mixaj yn mizik t ka genyen pandan ke speaker studio a li menm li sonnen "FLAT"

 gam speaker ki plis itilize yo se

6- kab

Si sa rive ou vizite yon studio profesyonèl deja ou k telman wèl gen kab tèt ou k fèw mal...paske kab la tou jwe yn bèl wol nan studio koz se li pouki relye aparey yo...men mw gen yn bòn nouvel pou yn studio debitan wap jis bezwen 3 Kab:

Yon kab XLR pou konekte micro a ak kat son an
Ak 2 lot kab kap soti nan kat son an pou ale nan speaker yo .... Epiw deja pare pu fè Mizik.



8- Pye Micro


Depi gen Micro ap oblije gen pye Micro paske atis la pa pwal kenbe Micro a nan men'l pul chante nan bouf la.
Pye micro a pwal itil ou:
1- pou kenbe micro a
2-pou mete atis la alèz pu ajistel nan wotè'l
3- pou evite micro a kapte vibrasyon si atis la ta fon ti danse pandan lap chante.


9- Filt antipop

Filt la li menm pwal trè itil lè wap enrejistre paske gen kèk stil mizik atis yo oblije chante ak fos Rap pa egzanp, Filt antipop la la pou evite micro ah kapte van pou pawol yo ka soti pi klè ke posib. pa egzamp yn atis kap chante epi lyriks li gen yn mo ki gen anpil "P" Siw pa gen filt antipop li pwal fè lèd paske enrejistreman pap clean.







Kounye a nou fin wè ki materyèl wap bezwen pouw monte studio'w nan chanm ou...
Men e siw Bezwen monte yn Home studio kotew ka mennen zanmiw vin record, Group mizikal, menm koral  siw vle?
Ebyen nap pase ladanl tou Swit.

Ki Materyè'l wap bzwen pou monte yon Home Studio?

Ebyen pouw monte Home studio ah wap bzwen materyèl sa yo
  1. Biwo oubyen Stasyon de travay
  2. chèz studio 
  3. Eponj pou absobe Bass
  4. Pano Akoustik
  5. Difizè akoustik
  6. Filt anti refleksyon
  7. Repoz Speaker
  8. Pye speaker 
PS: Pouw fè yn Home Studio se menm Materyèl ou tap bezwen pou studio chanm nan Plis sila yo nou sot mete la.

Menm jan ak studio chanm nan ann gade chak materyèl an detay

1- Biwo oubyen Stasyon de travay 

 Jeneralman  Depiw rive nan yon home studio pou pi piti yonn nan bagay wap toujou remake se Biwo ah paske li ki pwal sevi kom santral pou mete ekipman pou pwodwi mizik yo.







2-Chèz studio

Pou yon Chèz studio li pa oblije yn chèz pro men yonn nan bagay map tou tire atansyon nou sou li chèz sa wap chwazi ah wap pase plis tan sou li ke kabann ou donk fè si ke li konfotab ase .








3-Eponj pou Absobe bass

Sonje Lè nou tap pale tip de studio yo mwen te di nou ke  Home studio a ap bezwen yon trètman akoustik.
Ebyen sa pwal depann de espas kotew fè studio a ak pozisyon speaker yo lè wap jwe yn mizik ki gen anpil bass sa ka rive ou tande yon son dwol andann chanm nan.
se pou rezon sa menm absobè bass yo la, wòl yo se elimine tout son bass ki twop oubyen ki sonnen dwòl anndan chanm nan.

4-Pano Akoustik

Byenke Pano Akoustik la pa absobe bass byen men li trè itil sitou si chanm kote sutio ah ie ah piti oubyen li en 4kare (fom bwat) li menm li absobe grav meduim ak ot frakans yo.
kom chanm nan piti oubyen li gen fom bwat pwal gen sa yo rele ond stasyonè, sa pwodwi lè son an soti nan speaker ah li fwape nan miray la epi lal fwape sou yn lot bò miray.
wol Pano akoustik la se pou evite ond stasyonè a paske depi son anh fwape ladanl li tou ret mouri ladanl men li pa rebondi.

5-Difizè Akoustik

Difizè akoustik la trè empòtan lè nap pale de trètman akoustik yn studio paske li pèmet ou sonnen pi dous  pandan wap konseve menm feeling sonò chanm nan genyen anh.
olye son an gonfle yn sèl kote nan chanm nan difizè akoustik la pwal edew gayel nan tout chanm nan poul baw yn son pi dous e natirèl.






6-Filt anti refleksyon 

Filt anti refleksyon an jwe menm wòl ak Pano Akoutik yo men sa konn rive pa gen ase moyen pou ekipe boof la menm jan ak espas de pwodiksyon an ebyen se yn bèl altènatif ou k itilize yn semp Filt anti refleksyon pu micro ah epi u deja bn pouw enrejistre


 

 

7-Repoz Speaker 

Depiw rive la ou deja bon avek dosye Trètman akoustik la men gen ti bagay ou ka amelyore toujou tankou mete speaker yo sou repoz speaker, paske siw depoze yo sou biwo a konsah lèw ap jwe fò oubyen yn mizik ki gen anpil bass wap jwenn yn ti bri ki ka deranjew swa li soti anba speaker yo oubyen nan kò biwo a menm.
Donk wòl repoz speaker yo se elimine tout vibwasyon antre speaker yo ak biwo ah.

8- Pye speaker

  Siw tra vle evite tout vibrasyon antre speaker yo ak biwo ah ou k achte pye speaker yo tou, yo tou genyen repoz speaker ah nan yo konsah tet ou poze ou pap gen pouw fè sousi pou sa anko









Apati de kounye ah siw pa komanse ekri projè studio paw la se pa mwen menm ou gen tou enfòmasyon wap bezwen yo pouw pase a laksyon.
Map diw mèsi paskew te pwetem tan ou, Pase Follow nou sou rezo "Thaproducer" yo sonje kite yon komantè....Pi siw gen yon sijè nan domènn nan ou tap renmenm ekri sou li pa ezite metel nan komantè yo...

5 commentaires: