Our social:

mercredi 25 décembre 2019

10 Konsèy Pou'w Byen kòmanse Nan Beatmaking


Kòman nou ye producer mwen Yo!!!!!!
nan atik sa nou pwal pale de 10 konsèy  pou'w byen komanse nan beatmaking, Li bèl lè yon moun ap tande prod ou pou lap di producer sa dope!!!! timoun feeling sa pa gen pase'l , men poun rive nou bezwen konnen  ke devni producer pa yon travay fasil, li mande tan, anpil travay ak kreyativite.
Men si nou aplike 10 konsèy sa yo nan 2 mwa nou pwal kòmanse fè Ayiti danse.

Pwemye konsèy la se PA Pè LANSE
Menm jan mwen sot ap di nou anwo a travay la pa fasil men li pa yon rezon pou'w pè'l paske sim fè'l lot yo fè l ou ka fè l tou...Men ATANSYON!!!! pa fè' l jis pou'w fè l oubyen pou yo pale de ou sèlman men fè'l ak Tout kè w , fè'l ak pasyon sinon ou pwal wè l difisil paske li pwal mandew sakrifye yon bon ti tan pou li, Plis ou renmen'l se plis chans wap genyen pou'w rive nan kategori DOPE PRODUCER YO.

Dezyem konsèy la se CHWAZI LOJISYÈL MAO OU
Si nou sonje byen mwen te pale nou de sa nan atik MEN KI MATERYÈ'L WAP BEZWEN POU'W FÈ YON STUDIO MIZIK LA
chwazi yon lojisyèl pa depann de kiyès ki pi bon pase lot men okontrè kiyès wap pi alèz avè l , men kom nap fèrenk kòmanse mwen konseye nou chwazi lojisyèl ki gen plis moun kap itilize yo si tout fwa ou ta va kole nan yon bagay wap byen fasil dekole tèt ou paske wap jwenn enfòmasyon sou li byen rapid.

Twazyem konsey la CHAWZI METÒD POU'W KOMPOZE BEAT YO
genyen de fason ou ka kompoze yon beat swa ou itilize de vrè enstriman sa vle wap jwe live(an dirèk ) metòd sa a difisil anpil paske fòw ta jwe enstriman an byen kòz nenpòt ti erè se rekòmanse a zero
dezyèm metòd la se itilize yon kibòd midi avel wap ka itilize enstriman vityèl ki enstale sou òdinatè , wap ka jwe tout enstriman avèl epi lè w fin anrejistre wap ka ajiste nòt yo sa vle di siw te fè yon erè pandan enrejistreman an li pa pwoblèm wap ka jere sa apre . Mwen konseye dezyèm metòd ak 10 dwèt anlè 👐 paske li pi senp pou yon debitan , men lè w kòmanse avanse ou ka itilize tou de metòd yo nan yn sèl prod.

Ps: nou rele Prod chak grenn pwodwi yn producer travay

Katriyèm konsèy la se GENYEN BON SAMPLER
si nap byen swiv mwen sot di nou nan dezyèm metòd pou'w kompoze beat la enstriman yo enstale nan òdinatè a menm, ebyen se yo menm menm ki rele sampler a , se yon seri de enstriman ki te enrejistre deja men producer reyitilize yo pou kreye nouvo prod. donk siw vle pou prod ou yo sonnen pwop toujou itilize bon sampler de kalite

Senkyèm konsèy la se KONNEN BAZ SOLFÈJ
Pou yon producer konn jwe mizik se yn gran plis paske se mizik wap fè plis ou konen'l byen se plis wap gen chans pou'w pi diferan e pwofesyonèl nan prod ou yo...men sa pa vle di tou yon moun ki pa konn fè mizik paka producer paske mwen konnen apil producer ki pa konn anyen nan teyori mizik men kap fè bel beat!!, Konsèy la li tap pi bon siw konnen ki sa ki yon akò minè ak yon akò majè, konnen gam yo pu kapab kombine plisyè akò pou yo sonnen byen ....Paske producer pam yo depi nou fè yon beat ki gen fos nòt pa rele'l beat rele'l Bri paske mizik ret mizik fòn trè egzijan sou sa.

Sizyèm konsèy la se TANDE ANPIL MIZIK
producer Pam yo met sa tèt nou depi se producer ou ye ou paka genyen stil de mizik prefere
tande tout stil de mizik san retire san mete... paske mond lan deja gen stil kap fè l danse deja siw vle pase pami lè meyè fòw ka fè stil sa yo byen apre siw vle wa mete touch paw...men apwann chak stil yonn pa yonn paske lè yon atis vin kotew ou pa konn ak ki refren lap vini men siw travay stil byen lap toujou fasil pou pou'w demare yon projè

Setyèm konsèy la se KONNEN KOTE'W VLE ALE
Li empotan pou'w konnen kote'w vle ale...depi lè'w tande refrain an oubyen vybe la li empotan pou'w defini ki stil prod lan pwal ie ....paske sa pwal ede'w chwazi enstriman de baz yo e se enstriman ki plis itilize nan stil ou chwazi a ou pwal mete,se pou tèt sa li empotan puw tande tout stil mizik la wi. li pwal edew chwazi tou ki tip de akò u pwal itilize ...e sa ki trè empòtan pou moun ki deja renmen stil la paske yo pap santi yo trò etranj menm si ou ta ajoute touch paw ladan, men kilti mizikal toujou la.

Nevyèm konsèy la se METE AKÒ YO AVAN MELODI YO
yonn nan teknik ki trè pwisan lè wap komanse yon prod....chèche akò ki nan vayb la avan ou kòmanse mete melodi yo paske nomalman depiw jwenn akò yo prod la fini se jis met may pou kreye bèl lot son ak sekans pu fè beat la pi bèl

Dènye konsèy la se PA KOMPLIKE PROD YO TWÒP
Pa fwa ou konn tèlman enspire epiw gen 3 a 4 melodi kap goumen nan yon sèl pati tanpri producer mwen yo pito nou mete tèt nu nan plas fanatik lè nap prod poun ka gen rekil sou sa nap fè a...plis nou kite espas pu chak enstriman yo respire yap sonnen pi byen e pi bel epi prod la pwal vin pi atiran.

Se te 10 konsey sa yo mwen te gen pou nou si nou mete yo an aplikasyon rezilta a deja asire.

Sonje Abone'w ak thaproducer sou rezo yo konsa wap supote travay e gras a ou lap rive pi lwen ,mwen konte sou ou.
Our social:

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire