Our social:

lundi 23 décembre 2019

5 Bagay ou dwe genyen pou'w komanse fè Beat

Ou anvi fè beat pou'w pataje ak zanmiw, koute ak fanmi'w, poste sou entènet oubyen pou'w pwodwi yn atis u renmen vybe li?
benh zanmi pou sa wap bezwen genyen materyèl beatmaking sa yo pou'w komanse .
Nan lis sa wap jwenn tout sa wap bezwen pou'w komanse pataje touch ou avèk le mond!

1- Odinatè
Se ladan'l ou pwal enstale Logisyèl MAO a
siw anvi konnen plis de wòl yn odinatè nan yn setup studio ou ka  li atik sila .

2- Logisyèl MAO ( Musique assistée Par Ordinateur)
  Logisyèl MAO a se li menm ou pwal itilize pou fè beat yo
pami yo genyen FL Studio, Cubase, Logic Pro X, Protools.....
yo anpil fè si kew jwenn sila k'ap fè'w pi byen an.

3- Kat Son
Kat son an pwal itil ou nan antre ak soti siyal audio nan odinatè a
pouw konnen plis wòl yn Kat son nan yn setup studio ou ka li atik sila .

4- Speaker
Pou beat ou yo wap bezwen yon pè speaker, paske fok u tande beat la lè wap kompoze'l epi fok speaker yo de kalite pou lè wap mikse'l
pou wol yn Speaker nan yn setup studio ou ka li atik sila .

5- Kibòd Midi ( Clavier MIDI )
Kibòd midi a  jwe yn gwo bout tonton wòl pou yon beatmaker paske se avèl li  antre tout not yo nan odinatè a, kit se pou yon enstriman amonik oubyen yon pèkisyon


Pouw komanse fè le mond tande kreyativite'w se 5 bagay sa yo ou dwe genyen, epi siw anvim fè yn atik ki pi komplè tankou (ki tip de odinatè, ki mak speaker oubye ki logisyèl ,siw vle yo ak tout pri yo tou) jis masyone'l nan komantè a epi map fèl pou ou....

epi sonje Abone'w ak thaproducer sou rezo yo konsa wap supote travay e gras a ou lap rive pi lwen ,mwen konte sou ou.
Our social:

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire