Our social:

samedi 28 décembre 2019

4 Bagay ou dwe metrize Pou'w Byen chante

Seksyon sa nan blog la pwal fèw konnen baz koman Pou'w travay vwa w, epi li pwal pèmèt ou chante byen nan yon ti kras tan... Li adrese l tou a chantè debitan ki swete amelyore teknik vokal yo.

 Vwaw se yon enstriman mizik menm jan ak lòt YO, sèl diferans enstriman si la se kò w sa ki rann li pi konplèx paske u paka louvri l pou wè kòman li mache men ou pwal jis kontantew de sa ou resanti lè wap chante.

Geneyen 4 Bagay ki pèmèt ou chante trè byen
Jeneralman depiw gen kontwòl 4 Bagay sa yo w ap kapab chante alèz paske travay vwa a menm li repoze sou 4 Bagay si la yo.

  1. Respirasyon 
  2. Jistès 
  3. Plasman vwa 
  4. Vokaliz
Se 4 Bagay sa yo ki pwal baw yon bèl teknik vokal, m vle tire atansyonw sou yo paske ou pa dwe travay yonn plis pase lòt. Paske yn bèl vwa pa gen okenn valè si li pa jis oubyen nòt yo pa kenbe... Ann eseye wè kat bagay sa yo plis an detay. 

RESPIRASYON 
Respirasyon an se tankou yon motè pou vwa a paske se lè wap ekspire a, ki fè kòd vokal yo vibre ki pèmèt ou pwodwi son vwa a. 
Lè yon moun pa konn chante oubyen li pa apwann, pou li jan li te deja gen abitid respire a bon men li pa konnen pou yon moun byen chante deja li dwe byen respire...nan lòt atik ki gen pou vini nan seksyon sa a nap antre plis an pwofondè nan kesyon respirasyon an. 

JISTÈS 
Pi bon zanmi yon chantè se zòrèy li... M chwazi kòmanse pwen sa konsa jis poum diw pa gen chante jis san tande, lèw ap chante ou dwe genyen kapasite puw tande mizisyen yo kap akonpaye w la epi tande tèt ou paske se sa ki pwal edew pa fè fos nòt lew ap chante... Map ensiste sou li byen chante kòmanse pa byen tande avan tou, paske sa ka kraze tout karyè w siw pa gen yon bon zòrèy. 

PLASMAN VWA A
Li empòtan anpil Pou'w konnen kotew dwe plase vwa w lè wap chante pou yon semp e bònn rezon ke oditwa ou a dwe tandew klè pandan wap chante a... Ki donk siw vle sonnen pwòp ou paka lage bouch ou nenpòt jan sa vle di genyen fason ou dwe ranje bouch ou e gen kote ou dwe plase vwaw tou Pou'w sonnen byen e pwòp. 

VOKALIZ
Yonn nan mwayen ki pi efikas pou yon chantè ka travay vokal li se vokaliz paske vokaliz yo pèmèt ou :

* Konnen tesiti'w sa vle di chan de nòt ou pi alèz la dan yo lè wap chante, tesiti à pwal edew konnen rejis ou sa ki pwal edew anpil nan chwazi mizik ak atis ki apwopriye ak vwa w

* Metrize vwa de pwatrin ak vwa de tèt byen, epi edew fè pasaj vwa de tèt a vwa de san fòse e vesi vèsa. 

*Fè echofman vokal, paske li empotan anpil Pou'w chofe vwaw avan ou chante jis Pou'w pwepare kòd vokal yo sa travay yo pwal fè a. 

Ebyen Jodi a se kat pwen sa yo mwen te vle pale sou yo avè nou nan pwochen atik la n'ap kòmanse pataje kèk resous ak teknik pou travay la kontinye.

epi sonje Abone'w ak thaproducer sou rezo yo konsa wap supote travay  la e gras a ou lap rive pi lwen ,mwen konte sou ou.
Our social:

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire